Joueb.com
Envie de créer un weblog ?
ViaBloga
Le nec plus ultra pour créer un site web.
Débarrassez vous de cette publicité : participez ! :O)

La Page

Une page pour publier mes ecrits
Session
Nom d'utilisateur
Mot de passe

Mot de passe oublié ?

KITE M DI 2 MO
Anvan bajou m kase,
Zetwal mwen file,
Banm di 2 mo.
Anvan baboukèt lamizè fini ak mwen
Kite m di 2 mo.
Banm di 2 mo menmsi m pa gen anyen pou m di
Banm di 2 mo menmsi bouch mwen pa ka louvri
Kaka pou l pa bè,
Fok mwen di 2 mo
Zandolit pa mabouya,
M ap di 2 mo
M nan yon peyi ki tankou lanp tèt gridap
Tankou ti soufri lakay nennenn
M pa ka rete pou m pa di 2 mo
Fok bouch mwen ta koud,
Panse m ta gen gwo twou
Pou m pa ta di 2 mo.
Se pa lajan m ap mande
2 mo pou nou kite m di
Twop bourik travay pou chwal galonnen
M ap konn di 2 mo.
Ranje mikwo a pou mwen,
Pare sèkèy la pou mwen,
Mwen pral di 2 mo.
Ecrit par zazoulove, le Mardi 22 Avril 2014, 17:20 dans la rubrique Zazou-poemes.


Version  XML  - Cette page est peut-être encore valide XHTML1.1 et CSS sans tableaux.